Thursday, 18 February 2010

Visite en France de la Ministre haitienne de la Culture et de la Communication

4em jounen vizit minis kilti ak kominikasyon Ayisyen-an nan PARIS ak BRUXELLES pou jounen mekredi-a. Mme Marie Laurence Jocelyn Lassegue te reponn envitasyon oganizasyon nasyonzuni pou edikasyon (UNESCO).

Minis kominikasyon an, Mme Marie Laurence Jocelyn Lassegue rankontre sekte kiltirel ayisyen an nan Bruxelles jodiya. Nan jounen lendi a, Mme Lassegue te rankontre minis franse kilti a.

Nan jounen demen an, minis kilti ak kominikasyon an ap rankontre majistra Paris a. Epi tou l ap bay yon konferans pou
lapres nan anbasad Ayiti nan Paris jodiya.

Mme Irina BOKOVA estime vizit Mme Lassègue la enpòtan nan kad travay UNESCO pral fè pou ranfòse pwoteksyon moniman kiltirèl an Ayiti.

UNESCO pwomèt tou pou travay sou diferan aspè pou pwotejè patrimwan kiltirèl Ayiti daprè deklarasyon direktris jeneral UNESCO a.

Direktris jeneral UNESCO a Mme Irina BOKOVA pwomèt pou UNESCO kontinye entèvni nan de sektè kle :edikasyon ak lakilti
Sitadèl Laferrière sou yon lis patimwan mondyal, konsa tou vil Jakmèl se yon gwo referans nan bèl vil sou latè. Kidonk se devwa UNESCO pou ede konsève patrimwan sa yo daprè direktris UNESCO a.

No comments:

Post a Comment