1- Plis pase 900 mil moun gentan resevwa dlo chak jou nan kad operasyon pou akonpanye moun ki nan abri pwovizwa yo.
2- 1.6 milyon moun gentan resevwa diri nan kad nouvo operasyon bay manje ki te lanse nan zòn metwopolitèn nan. Valè manje sa-a dew nouri moun yo pou 2 semèn.
3- Gen yon total 211 moun sovtè nasyonal ak entènasyonal sove anba bout blok ak debri. Ekip sovtè entènasyonal la sove 139 moun epi ekip sovtè nasyonal la rive sove 72.
4- Ayewopò entènasyonal pòtoprens ap rekomanse resevwa avyon komèsyal vandredi 19 fevriye káp vini la-a. se ti avyon pasaje ak kago k-ap komanse avan.
5- Oganizasyon èd imanitè yo konfime gen anviron 400 mil kouvèti plastik ak 23 mil tant pou yon fanmi ki disponib.
6- 26 mil 500 kit ki gen materyèl kizin gentan distribye bay popilasyon-an 83 mil kit pou ijyèn pèsonèl ak 79 mil 500 sèvyèt te distribye bay ppopilasyon an tou.
7- nan dat 9 fevrye pase-a gouvènman ak patnèl yo deja touche plis pase 2.3 milyon moun ak distribisyon manje-a.
8- kanpay vaksinasyon kont tetanos difteri ak laroujol la ap kontinye. Aktivite sa yo gaye nan Potoprens, Jacmèl ak Grangwav
9- Repiblik dominiken fè peyi-a kado 15 lekòl mobil ki kapab resevwa 40 timoun yo chak. lekol sa yo plis itilize nan zon fwontyè-a.
10- pwogram travay pou lajan-an deja bay 35 mil 185 moun travay depi yo te komanse pou rive dat 9 fevrye pase-a pwogram lan anvizaje anpwaye plis fanm.
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
0 comments:
Post a Comment